Nouvo manman ak fiti manman yo resevwa anpil konsèy sou tibebe. Moun yo jeneralman gen bon entasyon men se pa tout konsèy ki baze sou reyalite. Mit sou alètman yo kouran. Reyalite a sè ke alètman se yon fason sen pou nouri tibebe ou.
Desizyon pou bay tete se yon bagay pèsonèl epi sa ta dwe yon desizyon enfòme.
MIT #1: Bay tete fè mal
REYALITE #1: Bay tete pa ta dwe yon eksperyans douloure
Menm jan ak aprantisaj nenpòt nouvo konpetans, gen yon peryòd ajisteman. Ou ka gen kèk malèz nan kòmansman pandan ou menm ak tibebe w la ap aprann. Si ou santi doulè, jeneralman se yon siy gen yon bagay ki dwe chanje.
MIT #2: Bay tete fè tete ou tonbe
REYALITE #2: Se gwosès la ki detire ligaman nan tisi tete ou.
Sa rive menm si ou bay tete oswa pa fè sa. Laj, jenetik ak kantite gwosès ou te genyen jwe yon wòl tou.
MIT #3: Ou pa kapab bay tete si tete ou yo:
- Piti
- Gen fòm tib
- Gen anpil espas ant yo
- Gwosè Diferan
REYALITE #3: Pou pifò fanm, gwosè ak fòm tete yo pa afekte kapasite yo pou bay tete
MIT #4: Ou p ap kapab pwodui ase lèt
REYALITE #4: Manman yo prèske toujou pwodui ase lèt pou nouri tibebe yo
Kle pou pwodui yon bann lèt se nan bay tibebe ou tete souvan pandan premye 14 jou yo.
- Omwen 8-12 fwa oswa plis chak 24 èdtan.
Li enpòtan tou pou asire tibebe ou a rale tete a kòmsadwa epi vale.
MIT #5: Tout moun itilize fòmila
REYALITE #5: Pifò fanm nan Etazini kòmanse bay tete
Gen plis fanm ki bay tete pase sa w panse. Dapre CDC, plis pase 83% fanm nan Etazini kòmanse bay tete. Rechèch pandan 40 ane pase yo te montre ke lèt matènèl se yon chwa bon mache ak sen pou nouri tibebe yo.
Share this link via: