Skip to Content Skip to Footer
LiveWell WIC logo
Livewell Wic
  • Bay tete
  • English
  • Español

Bay tete ak Jimo epi Plizyè

  • Bay tete ak Jimo epi Plizyè
  • Bay tete
  • Bay tete ak Jimo epi Plizyè
  • Entwodiksyon
  • Jwenn Sipò
  • Pwodui Ase Lèt
Mother breastfeeding two infants, both wearing white onesies, while sitting on a cozy chair.
Lide bay tete ak plis pase yon tibebe ka sanble akablan nan kòmansman, men benefis yo vo lapèn. Anpil manman twouve bay tete ak plizyè pi fasil akòz pa gen anyen pou prepare. Anpil manman te reyisi bay tete ak plis pase yon tibebe menm apre yo soti nan travay oswa lekòl

Jwenn Sipò

Pale ak WIC, founisè swen sante, lopital oswa sant alètman lokal ou epi mande èd pou:

  • Antre nan yon gwoup sipò pou paran plizyè tibebe
  • Jwenn yon konsiltan alètman ki gen eksperyans avèk plizyè tibebe
  • Jwenn resous sou entènèt, bwochi ak liv pou paran plizyè tibebe
  • Kontakte lòt manman ki gen plizyè tibebe ki te bay tete ak siksè
Mother breastfeeding twins on a couch in a cozy living room setting.

Menm si tibebe ou yo dwe pase tan nan lopital, bay tete toujou posib.

Pwodui Ase Lèt

Pifò manman ki gen plizyè pwodui anpil lèt pou tibebe yo a. Anpil manman bay tete oswa tire lèt yo esklizivman pou twa oswa menm kat tibebe!

SONJE KONSÈY SA YO:

  • Bay tete bonè epi souvan apre akouchman
  • Plis lèt ki soti nan tete ou, se plis lèt kò w ap pwodui
  • Itilize ponp elektrik pou tete ant sesyon alètman yo kapab ede ou pwodui plis lèt
  • Ou kapab tcheke kouchèt mouye oswa ki gen twalèt pou konnen tibebe ou yo resevwa ase lèt
  • Doktè ou a pral tcheke pwa tibebe w yo tou pou konnen si y ap resevwa ase lèt

Sa ede nouri chak tibebe apati tou de tete ou. Chanje bò ede kenbe pwodiksyon lèt ou wo si yon tibebe pa manje ase tankou lòt tibebe a.

Ou kapab fè sa lè w:

Asiyen yon tete pou chak tibebe pou yo tete epi chanje pou kontinye bay tete

OSWA

Asiyen yon tete pou chak tibebe pou yon jounen epi chanje nan jou apre a.

LiveWell WIC program logo

Contact Us

USDA is an equal opportunity provider, employer, and lender.

Cookie PolicyAbout UsPrivacy PolicyTerms of Agreement

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent

    Share

    Share this link via:

    Side-Lying-Hold

    POZISYON KOUCHE SOU KOTE

    1. Pou tete dwat la, kouche sou bò dwat ou avèk tibebe w la ki ba w fas.
    2. Rale tibebe w la toupre w. Bouch tibebe w la ta dwe nan nivo pwent tete w.
    3. Nan pozisyon sa, ou ka bèse do tibebe w la avèk bra gòch epi soutni tèt ou avèk bra dwa ou ak/oswa zòrye yo.
    4. Kenbe gwo rad ak rad kabann yo lwen tibebe w la.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Ou te gen yon sezaryèn
    • Ou vle repoze pandan w ap bay tibebe a tete.
    • W ap bay tete nan mitan lannuit.
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa
    cross-cradle-hold-1

    POZISYON TRANSVÈSAL

    1. Pou tete dwat la, itilize bra goch ou pou kenbe tèt tibebe w la nan tete dwat ou ak kò bebe a nan direkyon bò gòch ou. Yon zòrye sou janm ou ka ede sipòte bra gòch ou.
    2. Mete men gòch ou dousman dèyè zòrèy ak kou tibebe w la, kote pous ak endèks ou dèyè chak zòrèy epi pla men ou ant omoplat tibebe a. Vire kò tibebe a nan sans kò w pou vant ou yo ka ap touche.
    3. Kenbe tete ou tankou ou t ap peze yon sandwich. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
    4. Pandan bouch tibebe w la ouvri, pouse dousman avèk pla men gòch ou sou tèt tibebe a pou ede li pran tete a. Asire ou kenbe dwèt ou yo lwen.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Tibebe w la prematire
    • Tibebe w la souse fèb
    • Tibebe w la bezwen èd pou li rete nan tete a
    • Tibebe a la bezwen sipò anplis pou tèt
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa a
    Football-hold

    POZISYON ANBREYAJ OSWA “FOUTBÒL AMERIKEN”

    1. Pou tete dwat la, kenbe nivo tibebe w la, fas devan sou kote dwat ou.
    2. Mete tèt tibebe w la toupre pwent tete w epi sipòte do li ak janm li anba bra dwat ou.
    3. Kenbe baz tèt tibebe w la avèk pla men dwat ou. Yon zòrye anba bra dwat ou ka ede sipòte pwa tibebe w la.
    4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Rale li vin jwenn ou pito.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Ou te fè sezaryèn
    • Ou gen gwo tete
    • Ou gen pwent tete plat oswa envèse
    • Ou gen gwo kantite lèt ki desann
    • W ap bay jimo tete
    • Tibebe w la renmen manje nan pozisyon vètikal
    • Tibebe w la gen refliks
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa a
    CRADLE-HOLD​

    POZISYON BÈSO

    1. Pou tete dwat la, bèse tibebe w la avèk bra dwat ou. Tibebe w la pral sou bò gòch li sou janm ou, fas li nan nivo pwent tete a.
    2. Tèt tibebe w la pral repoze sou avanbra dwat ou kote do tibebe w la ap nan pati pa anndan bra ak pla men ou.
    3. Vire vant tibebe w la nan direksyon vant ou. Men gòch ou lib pou sipòte tete w, si nesesè. Zòrye yo kapab ede sipòte bra ak koud ou.
    4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Tibebe w la bezwen èd pou li pran tete w
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa
    laid-back

    POZISYON KAGE

    1. Panche pa dèyè sou yon zòrye kote vant tibebe w la touche pa w epi tèt li nan nivo bra a. Gen kèk manman ki twouve chita prèske drèt fonksyone byen. Lòt yo prefere panche dèyè epi kouche prèske plat.
    2. Ou ka mete machwè tibebe w la sou tete w oswa ou ka vle itilize yon men pou kenbe tete w toupre tibebe w la. Sa depann de ou ak sa ou santi ki mye a.
    3. Tibebe w la natirèlman ap jwenn pwent tete w epi kòmane souse.

    Pozisyon kenbe sa itil lè:

    • Mete tibebe w la sou pwatrin ou touswit apre li fin fèt
    • Ou gen bonkou lèt k ap desann
    • Ou gen gwo tete
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa