Skip to Content Skip to Footer
LiveWell WIC logo
Livewell Wic
  • Bay tete
  • English
  • Español

Angòjman

  • Angòjman
  • Bay tete
  • Defi ak Solisyon Komen sou Bay Tete
  • Angòjman

Angòjman

Pifò fanm santi tete yo vin gwo, plen, lou ak sansib pandan 2 a 5 jou apre akouchman. Santi tete yo plen se yon bagay nòmal. Se rezilta pwodiksyon lèt la ki plis – ki se yon bon bagay! Bay tibebe ou tete souvan ap soulaje sansasyon plen sa.

Angòjman diferan pase sansasyon plen nòmal tete yo. Angòjman rive lè tete w yo vin twò plen. Sa lakòz doulè, gonfleman, chalè, woujè, batman ak rijidite tete yo. Sa ka lakòz tou ti lafyèv epi ka mennen nan obstriksyon kanal lèt yo oswa yon enfeksyon nan tete.

Angòjman ka rive:

  • Si tibebe w la pa tete ase souvan
  • Si tibebe w la pa rale ase lèt nan tete w

KISA OU KAPAB FÈ:

Pou anpeche angòjman

  • Bay tete souvan apre akouchmann
  • Chak 1 a 3 èdtan pandan jounen
  • Chak 2 a 3 èdtan pandan lannuit
  • Ofri tou de tete yo nan chak alètman
  • Si tibebe w la gen yon bon priz epi li tete byen, kite li tete osi lontan li vle nan premye tete a anvan ou ofri li dezyèm tete a.
  • Pa sote alètman
  • Si ou rate yon alètman, ponpe oswa tire lèt ak men ou pou soulaje sansasyon plen an
  • Pa konplete avèk lèt transfòme
  • Evite itilize sisèt

Pou soulaje angòjman

Blue and white gift certificate with ribbon
  • Mete konprès frèt nan tete ou yo ant alètman yo pou redui gonfleman ak doulè
  • Yon sak legim konjele ki vlope nan yon sèvyèt mouye fonksyone byen
Stylized stork carrying a bundle in its beak
  • Ponpe oswa tire ak men yon ti kantite lèt anvan ou bay tete pou soulaje tete ou
  • Sa pral rann li pi fasil pou tibebe w la pran tete a
LiveWell WIC program logo

Contact Us

USDA is an equal opportunity provider, employer, and lender.

Cookie PolicyAbout UsPrivacy PolicyTerms of Agreement

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent

    Share

    Share this link via:

    Side-Lying-Hold

    POZISYON KOUCHE SOU KOTE

    1. Pou tete dwat la, kouche sou bò dwat ou avèk tibebe w la ki ba w fas.
    2. Rale tibebe w la toupre w. Bouch tibebe w la ta dwe nan nivo pwent tete w.
    3. Nan pozisyon sa, ou ka bèse do tibebe w la avèk bra gòch epi soutni tèt ou avèk bra dwa ou ak/oswa zòrye yo.
    4. Kenbe gwo rad ak rad kabann yo lwen tibebe w la.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Ou te gen yon sezaryèn
    • Ou vle repoze pandan w ap bay tibebe a tete.
    • W ap bay tete nan mitan lannuit.
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa
    cross-cradle-hold-1

    POZISYON TRANSVÈSAL

    1. Pou tete dwat la, itilize bra goch ou pou kenbe tèt tibebe w la nan tete dwat ou ak kò bebe a nan direkyon bò gòch ou. Yon zòrye sou janm ou ka ede sipòte bra gòch ou.
    2. Mete men gòch ou dousman dèyè zòrèy ak kou tibebe w la, kote pous ak endèks ou dèyè chak zòrèy epi pla men ou ant omoplat tibebe a. Vire kò tibebe a nan sans kò w pou vant ou yo ka ap touche.
    3. Kenbe tete ou tankou ou t ap peze yon sandwich. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
    4. Pandan bouch tibebe w la ouvri, pouse dousman avèk pla men gòch ou sou tèt tibebe a pou ede li pran tete a. Asire ou kenbe dwèt ou yo lwen.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Tibebe w la prematire
    • Tibebe w la souse fèb
    • Tibebe w la bezwen èd pou li rete nan tete a
    • Tibebe a la bezwen sipò anplis pou tèt
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa a
    Football-hold

    POZISYON ANBREYAJ OSWA “FOUTBÒL AMERIKEN”

    1. Pou tete dwat la, kenbe nivo tibebe w la, fas devan sou kote dwat ou.
    2. Mete tèt tibebe w la toupre pwent tete w epi sipòte do li ak janm li anba bra dwat ou.
    3. Kenbe baz tèt tibebe w la avèk pla men dwat ou. Yon zòrye anba bra dwat ou ka ede sipòte pwa tibebe w la.
    4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Rale li vin jwenn ou pito.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Ou te fè sezaryèn
    • Ou gen gwo tete
    • Ou gen pwent tete plat oswa envèse
    • Ou gen gwo kantite lèt ki desann
    • W ap bay jimo tete
    • Tibebe w la renmen manje nan pozisyon vètikal
    • Tibebe w la gen refliks
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa a
    CRADLE-HOLD​

    POZISYON BÈSO

    1. Pou tete dwat la, bèse tibebe w la avèk bra dwat ou. Tibebe w la pral sou bò gòch li sou janm ou, fas li nan nivo pwent tete a.
    2. Tèt tibebe w la pral repoze sou avanbra dwat ou kote do tibebe w la ap nan pati pa anndan bra ak pla men ou.
    3. Vire vant tibebe w la nan direksyon vant ou. Men gòch ou lib pou sipòte tete w, si nesesè. Zòrye yo kapab ede sipòte bra ak koud ou.
    4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
    5. Chanje pou tete gòch la.

    Pozisyon sa itil lè:

    • Tibebe w la bezwen èd pou li pran tete w
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa
    laid-back

    POZISYON KAGE

    1. Panche pa dèyè sou yon zòrye kote vant tibebe w la touche pa w epi tèt li nan nivo bra a. Gen kèk manman ki twouve chita prèske drèt fonksyone byen. Lòt yo prefere panche dèyè epi kouche prèske plat.
    2. Ou ka mete machwè tibebe w la sou tete w oswa ou ka vle itilize yon men pou kenbe tete w toupre tibebe w la. Sa depann de ou ak sa ou santi ki mye a.
    3. Tibebe w la natirèlman ap jwenn pwent tete w epi kòmane souse.

    Pozisyon kenbe sa itil lè:

    • Mete tibebe w la sou pwatrin ou touswit apre li fin fèt
    • Ou gen bonkou lèt k ap desann
    • Ou gen gwo tete
    • Ou menm ak tibebe w la konfòtab nan pozisyon sa